MENFP : Enstalasyon komisyon dyalòg sosyal la

© MENFP

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP), Mesye Augustin ANTOINE enstale  Komisyon pèmanan sou dyalòg sosyal la madi 18 mas 2025 la, nan Enspeksyon Jeneral Ministè a ki chita nan Miso. Komisyon sa a fòme ak reprezantan Platfòm sendika ak reprezantan Ministè a.

Nan okazyon sa a, Minis Augustin Antoine te raple volonte li genyen pou li kontinye travay ak sendika yo.

Sendikalis yo bò kote pa yo, nan vwa pèsonalite ki t ap pran lapawòl nan non yo, Mesye Jean Lavaud Frédérick, yo te salye etap sa a MENFP ak sendika yo franchi nan egzekisyon Ak Angajman yo te siyen nan mwa janvye pase a, pandan yo te mete aksan sou kèk pwen fondamental ki andedan kaye revandikasyon sendika yo. Pwen sa yo se :

Regilarizasyon sitiyasyon tout anseyan k ap travay men ki pa ko nome

Pèman pou tout anseyan k ap travay men ki pa ko touche

Kouvèti asirans pou anseyan ak pèsonèl edikatif yo

Konsiderasyon ki dwe fèt sou ka anseyan 1e ak 2èm sik fondamantal yo k ap viv ak yon salè ki pa koresponn ditou ak kantite ni ak kalite travay y ap fè chak jou

Ajisteman salè

Livrezon Kat debi pou tout anseyan ak pèsonèl edikatif yo.

Direktè administratif Ministè a li menm, Mesye Guichard Chéry raple, apre dizon Ministè Ekonomi ak Finans, MENFP te adrese yon korespondans tousuit bay responsab Bank Nasyonal Kredi yo nan lide pou gade kòman kesyon kat debi a kapab ateri jan anseyan yo ak pèsonèl edikatif la swete sa. Li fè konnen pou kounye a, MENFP ap tann reyaksyon Bank la pou konnen kòman y ap kontinye avanse epi kilè 34 405 amplwaye yo ap jwenn kat la.

Konsènan lòt doleyans yo, anseyan ki nan sal klas, men ki pa ko nome, otorite yo nan Ministè a fè konnen genyen 4 793 dosye ki deja trete.

Nan ka anseyan ki nome men ki pa ko touche, Direksyon k ap jere pèsonèl Ministè a te konsidere 700 dosye, men genyen 200 ladan yo ki fin trete. 200 anseyan sa yo ta dwe resevwa chèk yo anvan lontan. Y ap kontinye trete rès yo annatandan.

Pou sa ki gen pou wè ak anseyan estajyè yo, suivan travay Direksyon teknik konsène yo rive fè, pou kounye a, sou 800 dosye, yo deja trete 580 ladan yo.

Men lis pesonalite ki fè pati Komisyon dyalòg sosyal la :

Jean Lavaud FRÉDÉRICK (PSEH)

Laurenel LOUIS (RENATEPH)

Léonel PIERRE (PHOTE)

Yvel ADMETTRE (FENASE)

Wisely MÉNARD (FENASE);m

Sadrac CASIMIR (COPLASEHQ);

Jérôme MARION (MENFP);

Dominus ZÉPHIRIN (MENFP);

Donnky EMMANUEL (MENFP).

Description de l'image