MENFP : Dat limit pou lekòl prive depoze dosye pou pèmi fonksyone ak pèmi dirije

Nan yon sikilè ki pote siyati Minis Augustin Antoine, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl raple dat limit pou lekòl prive yo depoze dosye pou pèmi fonksyone ak pèmi dirije.

Sikilè a presize, konfòmeman ak desizyon ministeryèl nan dat 10 jen 2022 ki fikse gran oryantasyon pou pwosesis rekonesans ak akreditasyon lekòl prive yo, epi daprè egzijans dat enpòtan nan kalandriye lekòl 2024 – 2025 la ki se yon zouti fondamental pou planifye epi jere ane a,  Ministè a raple Direktè Depatmantal Edikasyon (DDE) yo ak Enspektè yo dat limit pou depo dosye lekòl yo se 28 fevriye 2025.

Se pou yo kapab delivre pèmi fonksyone bay lekòl yo epi pèmi dirije bay Direktè pedagojik yo.

MENFP fè konnen Selil Depatmantal Sistèm Enfòmasyon ak Jesyon Edikasyon (SIGE) ansanm ak Sèvis k ap Apiye Ansèyman Prive ak Patenarya (SAEPP) dwe kolabore pou dat limit sa a kapab respekte.

Yon lòt kote, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen chak DDE, atravè SAEPP a, dwe transmèt bay DAEPP fich prezantasyon lekòl ki pare pou resevwa pèmi fonksyone yo.

Description de l'image