MENFP : Ban a gogo pou lekòl nasyonal yo

KF: MENFP

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse genyen 13 000 ban ki disponib pou lekòl nasyonal yo pou ane lekòl 2024 – 2025 la. Ban sa yo nan depo nan SONAPI ap tann pou yo al distribye nan diferan lekòl nan tout peyi a.

Nan kad yon vizit nan SONAPI, Direktè Jeneral MENFP a, Mesye Yves Roblin,  ki te gen ak li Mesye Jean Ronald Joseph ki se Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) vandredi 18 oktòb 2024 la, Mesye Roblin te esplike fabrikasyon ban sa yo te rantre nan kad planifikasyon ki te fèt nan lide pou te byen prepare ane lekòl 2024 – 2025 la. Li fè konprann se yon efò kapital pou fasilite elèv yo kapab aprann nan pi bon kondisyon.

Genyen 2.500 nan ban sa yo ki deja distribye nan depatman Nò, 1.000 ban nan depatman Sant, daprè presizyon Direktè Jeneral FNE a te bay pandan vizit gide sa a. Mesye Jean Ronald Joseph fè konnen distribisyon an ap rapousuiv nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la kote anpil lekòl nasyonal pèdi materyèl yo, paske bandi te  piye yo oubyen paske lekòl sa yo te tounen abri pou akeyi moun ki te kouri kite lakay yo akoz vyolans.

KF: MENFP

Distribisyon ban sa yo gen pou fèt tou nan tout lòt depatman yo. Anplis ban yo, Direktè Jeneral MENFP a raple gen lòt efò an rapò ak distribisyon kit eskolè, manyèl eskolè, eks, ki fèt nan kad rantre lekòl la.

Li enpòtan pou souliye fabrikasyon 13.000 ban sa yo se rezilta yon mache piblik kote plizyè antrepriz lokal te patisipe ladan. Kidonk se atizan ayisyen ki fabrike yo. Se 346.000.000 goud FNE te mobilize pou mache sa a, daprè sa MENFP fè konnen.

Description de l'image