MENFP  anonse enskripsyon pou sesyon bakaloreya rekale desanm 2025 la

Nan yon kominike pou laprès nan dat 31 oktòb 2025, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse enskripsyon pou sesyon bakaloreya rekale k ap fèt an desanm k ap vini an.

MENFP enfòme piblik la an jeneral, ak kominote edikatif la an patikilye, premye sesyon egzamen bakaloreya pou kandida rekale yo pou ane akademik 2025 – 2026 la ap fèt soti 15 rive 18 desanm 2025.

Konsa, kandida rekale nan Filo ou Segondè 4 yo ki kapab patisipe nan egzamen sa yo ap konpoze sèlman nan matyè yo pa te fè mwayèn pou yo a. Nòt pou matyè sa yo anrejistre nan baz done Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEX) pou yon peryòd de (2) lane youn dèyè lòt. Apre sa kandida yo ap oblije reprann tout matyè yo.

Nan sans sa a, Ministè a fè konnen enskripsyon yo ap fèt nan peryòd soti lendi 3 rive vandredi 28 novanm 2025 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE).

Men kondisyon patisipasyon yo :

1. Fich patisipasyon nan dènye egzamen yo oswa atestasyon MENFP.

2. De (2) foto idantite.

3. Chak kandida ap peye yon frè  patisipasyon 2 000 goud

MENFP mande Direktè Depatmantal Edikasyon yo pou yo pran tout dispozisyon nesesè pou pèmèt pwosesis enskripsyon kandida yo byen dewoule.

Description de l'image
Kite yon kòmantè