Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) enfòme piblik la an jeneral ak kominote edikatif la an patikilye 2èm sesyon bakaloreya rekale pou ane lekòl 2024 – 2025 la ap dewoule soti soti 14 pou bout 17 jiyè 2025.
Ministè a raple kandida rekale yo ki kalifye pou patisipe nan egzamen sa yo ap konpoze sèlman nan matyè yo pa te fè mwayèn yo pandan de (2) lane youn dèyè lòt, daprè done yo genyen ki anrejistre nan BUNEXE. Apre sa, y ap oblije reprann tout matyè yo nèt, si yo pa ta pase toujou apre 2 lane yo.
Enskripsyon pou egzamen sa yo ap fèt soti lendi 19 pou bout vandredi 30 me 2025 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DEE).
Men kisa kandida a ap bezwen pou li enskri :
1. Fich patisipasyon li nan dènye egzamen yo osinon atestasyon MENFP
2. De (2) foto idantite
3. Frè enskripsyon de mil goud (2000 G) pou chak kandida
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pwofite mande Direktè depatmantal yo pou yo pran tout dispozisyon pou pèmèt pwosesis enskripsyon kandida yo dewoule kòmsadwa.
