Samdi 25 me sa a, a midi, verite a pral sou tanbou nan estad San Mames nan vil Bilbao nan kad final ligdèchanpyon feminen an pou konnen ant Olenmpik Lyonè ak FC Baselòn, kilès nan yo de a k ap mete do lòt atè.
Baselòn se chanpyon an tit. Li pral mete tout fon mal li deyò pou li konsève twofe a. Lyon li menm ki se ekip ki pran ligdèchanpyon an plis fwa déjà, li pral batay pou ogmante palmarès li epi ajoute yon lòt twofe nan repètwa li. Kidonk, se de jeyan nan foutbòl feminen an ki pral toke kòn yo samdi sa a.
Men pou Ayiti, tout je pral fikse sou fyète peyi a, Melchie Dumornay, avansant ekip Lyon an ki fèk sot chanpyòn ak ekip li nan chanpyona foutbòl feminen fransè a. Se premye fwa yon atlèt ayisyen pral jwe final ligdèchanpyon. Tout peyi a ap rete tann pou wè Dumornay k ap leve koup sa a.
Melchie Dumornay te deja montre li pa pote wòb li pou bèl twal nan demi final kont ekip Pari Sen Jèmen an lè li te make yon gòl epi delivre yon pas gòl ni nan match ale ni nan match retou pou te pèmèt Lyon kalifye pou final la, sa ki te pèmèt li soti ak tit meyè jwèz nan demi final sa a.
Samdi 25 sa a, Melchie Dumornay deja pare pou li fè sa li konn fè a : briye. Yon solèy pa ka pa briye. Ale Melchie Dumornay ! Ale fyète Ayiti a ! Ale fyète dyaspora ! Nou sèten ou pral vlope ak drapo nasyonal la lè ou fin chanpyon.
Annatandan balon dò a, pran koup sa a pou bay pèp ayisyen an ki tèlman ap soufri yon ti souri. Ale chanpyòn ! Ou devan, Ayiti dèyè ou !
