Solèy Ayiti k ap briye an Ewòp la, Melchie Daelle Dumornay, eli meyè jèn jwèz ligdèchanpyon feminen pou sezon 2003/24. Se sa UEFA anonse lendi 27 me 2024 la.
Se yon panèl obsèvatè ak obsèvatris teknik UEFA ki deside se atakant Olenmpik Lyonè a ki meyè jèn jwèz nan konpetisyon an pou sezon 2023/24 la.
Dumornay jwe 5 match nan ligdèchanpyon an nan sezon an epi li make 2 gòl epi li bay 3 pas gòl. Li te meyè jwèz nan demi final yo ni nan match ale ni nan match retou kote li te make yon gòl epi bay yon pas gòl nan chak match sa yo kont Pari Sen Jèmen.
Malerezman, Dumornay te pèdi final la ak Lyon devan FC Baselòn nan estad San Mames nan Bilbao samdi 25 la.
Deziyasyon UEFA pou eli li meyè jèn jwèz ligdèchanpyon sezon 2023/24 la se yon bèl rekonesans pou talan Dumornay. A 20 an, solèy Ayiti a fèk kare briye sou tèren foutbòl ewopeyen yo.
