Melchie Daelle Dumornay eli mèyè jwèz Konkakaf

Pepit ayisyèn nan k ap jwe nan Olenmpik Lyonè, Melchie Daelle Dumornay, eli mèyè jwèz Konkakaf pou sezon 2023 – 2024 la.

Seleksyon nasyonal foutbòl feminen an k ap patisipe nan konpetisyon Pink Ladies Week nan Antalya an Tiki, li pa te manke pwofite fè Melchie Dumornay yon bèl sipriz ranpli ak felisitasyon, elòj tout kalte pou distenksyon sa a ki leve tout foutbòl feminen an wo sou sèn entènasyonal la.

Nan menm okazyon sa a, Sekretè Jeneral Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Mesye Patrick Massénat, li te pwofite felisite Dumornay espesyalman an pèsòn epi li di li mèsi nan non Federasyon an pou jan li fè drapo foutbòl feminen ayisyen an flote wo sou sèn entènasyonal la.

Melchie Daelle Dumornay, youn nan potomitan seleksyon nasyonal foutbòl feminen an se youn nan pi gwo eleman fyète pou pèp ayisyen an nan moman an, patikilyèman pou pèp vil Mibalè kote li soti.

Description de l'image