Medsen San Fwontyè anonse Sant Ijans Tijo a relouvri

Òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè (MSF) anonse Sant ijans Tijo a relouvri lendi 20 janvye 2025 la.

MSF fè konnen li reprann aktivite medikal li yo nan Sant sa a a nan yon kontèks ki frajil pou lopital ak anbilans yo nan sant vil Pòtoprens la.

Sant Ijans sa a ki nan nimewo 34, Avni Charles Summer, te fèmen depi 20 novanm 2024 apre atak ak menas manm pèsonèl anbilans Medsen San Fwontyè yo te sibi bò kote gang ame yo yon bò, epi bò kote fòs lòd yo yon lòt bò.

N ap souliye Ministè Jistis ak Sekirite Piblik te pibliye yon kominike nan dat 20 janvye 2025 la kote li te fè konnen Minis Patrick Pélissier te rankontre ak Responsab Medsen San Fwontyè yo nan dat 13 janvye 2025 konsènan repriz aktivite medikal yo nan Sant Ijans Tijo a.

Nan kominike sa a Ministè Jistis te fè konnen li pwomèt pou garanti, ansanm ak fòs lòd yo, bon dewoulman sèvis medikal yo ak anbilans yo, pandan y ap respekte dwa imanitè, entegrite konvwa yo, pèsonèl medikal la ak moun ki blese yo.

Reouvèti Sant Ijans Tijo a se yon bon nouvèl pou popilasyon zòn metwopolitèn Pòtoprens la kote kesyon swen sante pa fasil menm avèk anpil lopital ak sant sante ki oblije fèmen akoz vyolans gang ame yo.

Description de l'image