Ansyen Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Mario Andresol, nome Sekretè d Eta Sekirize Piblik, daprè yon arete nan dat 13 janvye 2025 ki al jwenn Près Nasyonal pou piblikasyon nan Monitè, daprè sa plizyè medya rapòte.
Mario Andresol se yon ansyen ofisye Fòs Lame d Ayiti ki te vin entegre Lapolis Nasyonal d Ayiti apre Jean Bertrand Aristide te fin kraze lame a an 1995. Li te dirije Lapolis la kòm Direktè Jeneral soti lane 2005 rive lane 2012.
Nan peryòd Mesye Andresol te pran tèt Lapolis la, peyi a te konnen yon vag ensekirite avèk sa gwoup ki t ap simen latwoublay yo te rele operasyon Bagdad. Se vre ensekirite sa a pa te nan nivo sa peyi d Ayiti ap konnen nan dènye tan sa yo men Mesye Andresol te pèmèt yo jwenn yon bon amelyorasyon nan sitiyasyon sa a.
Anpil moun espere eksperyans ak konpetans Mesye Mario Andresol pral kapab kontribye pou ede popilasyon an rale yon souf anba men gang ame ki kontwole peyi a epi k ap fè l monte lesyèl pa do.
