Mannchestè Younayted ranpòte FA Cup la

KF: Mannchestè Younayted

Apre li te fin elimine nan demi final devan Reyal Madrid nan ligdèchanpyon, Mannchestè Siti te espere fè 2 kabès ane a lè li ta ranpòte Premyè Lig la ak FA Cup la. Ebyen non, se yon sèl kabès li fè.

Si li te dwe tann dènye jounen an pou li te sèten li t ap ranpòte Premyè Lig la, jodi samdi a se te de je kontre manti kaba nan ka FA Cup la ki se yon lòt fòm konpetisyon. Se te final la nan estad Wembley kote li te fas kare avèk lòt ekip Mannchestè a.

Depi nan premye mitan, Mesye Erik ten Hag yo t ap mennen 2 a 0 sou Sitizenn yo gras ak Garnacho (30′) epi Mainoo (39′). Malgre tout tantativ Mesye Pep Guardiola yo te fè, 2 gòl sa yo sanble te tou kole. Se jis nan 87èm minit J. Doku ta pral redui eskò a pou Mannchestè Siti. Se konsa match la ta pral fini 2 a 1 nan avantaj Mannchestè Younayted ki tou ranpòte FA Cup la ane sa a.

Si Mannchestè Younayted fini 8èm nan Premyè Lig la, li kanmenm reyisi sezon li lè li ranpòte FA Cup la devan Mannchestè Siti 2 gòl a 1.

Description de l'image