Mannchestè Siti wa an Angletè

KF: Mannchestè Siti

Pou katriyèm fwa youn dèyè lòt, Mannchestè Siti sakre chanpyon Premye Lig anglè a apre li fin bat Wès Am 3 gòl a 1 jou dimanch 19 me 2024 la.

Si nan lòt gran chanpyona ewopeyen yo, yo te gentan konnen kilès ki chanpyon, nan chanpyona anglè a, yo te oblije tann dènye joune a pou yo te konnen kijan sa ta pral fini, tèlman batay la te sere ant Asenal ak Mannchestè Siti, de ekip an tèt yo.

San yo pa te bezwen konnen sa ki t ap pase ant Asenal ak Evètonn, Mesye Pep Guardiola yo te oblije bat advèsè pa yo a pou yo te ka chanpyon. Ebyen yo pa te nan demi mezi. Yo pase Wès Am yon bèl 3 a 1 pou yo kapab monte sou twòn Angletè a pou yon katriyèm fwa suivi suivi.

Moun ki te make pou Sitizenn yo se Phil Foden (2′ ; 18′) ak Rodri (59), epi pou Wès Am se Kudus (42′).

Bò kote Asenal, li montre li te vle chanpyon tou si pye Mannchestè Siti te fè yon ti chape paske li bat Evètonn 2 a 1.

Lòt bagay ki enpòtan pou note nan jounen sa a se wonflad 5 à 0 Astonn Vila, dènye kalifye pou ligdèchanpyon 2024 – 2025 la dèyè Livèpoul, pran nan men Kristal Palas.

N ap note sezon Mannchestè Siti pa ko fini paske yo gen pou yo woule balon ak Mannchestè Younayted samdi 25 me a nan kad final FA Cup la.

Description de l'image