Celeste Arantes, manman selèb foutbolè brezilyen an, Wa Pelé, desede vandredi 21 jen 2024 la nan laj 101 an, anviwon 1 an edmi apre Pele li menm. Se sa plizyè manm fanmi an anonse san yo pa presize sikonstans egzat lanmò a.
Medya brezilyen yo fè konnen li te lopital depi 8 jou avan li desede vandredi 21 jen an. Edinho ki se premye pitit gason Pelé ekri sou Instagram «Repoze an pè Manmi». Youn nan pitit pitit fi li yo tou, Kely Nascimento te rann li omaj sou menm Instagram nan tou.
Celeste Arantes te gen 17 an lè li te akouche Edson Arantes do Nascimento nan dat 23 oktòb 1940. Kèk ane aprè, pitit gason sa a tout moun konnen sou non Pelé ta pral vini youn nan pi gran foutbolè lemonn te janm konnen. Li se sèl jwè ki ranpòte 3 koup dimonm nan listwa.
