Manda mare mennen vini kont ansyen Minis Mèt Aviol Fleurant

Jij Enstriksyon Loubens Elysée mete yon manda ki mande pou yo mare Ansyen Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Mèt Aviol Fleurant, mennen ba li, daprè sa plizyè medya rapòte. Jij la pran desizyon sa a nan dat 17 fevriye 2025.

Se yon desizyon ki ta vini apre ansyen Minis la ta boude konvokasyon Majistra a nan kad ankèt l ap mennen sou yon dosye kòripsyon kote akizasyon bati richès nan move kondisyon ak fo deklarasyon patrimwàn ap peze sou do ansyen sèvitè Leta a.

N ap raple nan dat 3 septanm 2024, Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) te reklame pousuit jidisyè kont Mèt Aviol Fleurant, Ansyen Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (mas 2016 – septanm 2018) pou anrichisman ilegal ak fo deklarasyon patrimwàn.

Description de l'image