Majistra Wendelle Coq Thélot, ansyen Jij nan Lakou Kasasyon ki se pi gwo enstans jidisyè nan peyi a desede sibitman nan lannuit vendredi 10 janvye 2025 la pandan l ap dòmi, daprè sa redaksyon Fyète Kreyòl Enfo aprann.
Majistra a sanble t ap soufri apre li te fin aksidante kèk jou avan lanmò li, daprè sa plizyè medya ki site yon sous familyal rapòte.
Majistra Wendelle Coq Thélot te nan mawon akoz li te gen akizasyon sou do li kòmkwa li ta enplike nan lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Li te genyen yon manda mare mennen vini kont li.
Nan sans sa a, Majistra a te pibliye yon nòt nan dat 16 janvye 2022 kote li te raple daprè atik 177 konstitisyon an, yon Jij Tribinal òdinè pa kapab ni arete, ni tande yon Jij Lakou Kasasyon, ni anpeche li sikile jan li vle, sof nan ka flagran deli, apre destitisyon Lawot Kou Jistis. Konsa, daprè sa Majistra a te presize, manda yo te mete dèyè li a se te yon zak ilegal ki pa te gen okenn valè.
N ap raple Jovenel Moïse te pran yon arete ki te pibliye nan yon nimewo espesyal Monitè nan dat 8 fevriye 2021 kote li te mete alaretrèt Majistra Wendelle Coq Thélot ansanm ak 2 lòt Majistra Lakou Kasasyon an ki se Jij Joseph Mécène Jean Louis ak Yvickel Dieujuste Dabrésil. Men Majistra yo te konsidere okenn Prezidan pa kapab voye yon Jij Lakou Kasasyon ki avi alaretrèt.
