Madrid kraze Mayòka epi pran randevou ak Baselòn pou final Sipèkoup Espay la

© Real Madrid C. F.

Reyal Madrid dekwoche kalifikasyon li pou final Sipèkoup Espay la jodi jedi 9 janvye 2024 la nan estad King Abdullah Sport City nan peyi Arabi Sawoudit lè li kraze Mayòka 3 gòl a 0.

Se yon match Madrilèn yo te domine an gwo, men eskò 3 a 0 a pa vrèman sanble ak fizyonomi match la. Premye mitan an te finil nil 0 a 0 epi se jis apre inè jwèt Jude Bellingham te louvri mak la lè li repranm yon balon nan kare reparasyon an nan yon kafouyaj (63′)

Apre sa match la te plis sanble li ta pral fini 1 a 0 an favè Mesye Carlo Ancelotti yo, men nan tan adisyonèl yo, Mayòka ta pral ankese 2 lòt gòl. Toudabò M. Valjent ta pral devye balon an nan pwòp kan li (OG) nan 92èm minit, avan Rodrygo te bay dènye kout tiwèl la lè li repranm yon sant nan kare reparasyon an epi li te voye balon an al dodomeya nan filè Mayòka (90+5).

Avèk siksè sa a, Reyal Madrid pran randevou ak FC Baselòn dimanch 12 janvye k ap vini an a 2 zè PM pou yon nouvo klasiko, youn nan pi bèl mès foutbòl modèn nan, nan kad final Sipèkoup Espay la.

Fanatik bon boul yo kòmanse rale ti chèz ba yo pou yo suiv sa ki pral pase, kilès nan 2 jeyan foutbòl espanyòl yo k ap leve koup la.

Description de l'image