Luis Abinader reeli kòm Prezidan Repiblik Dominikèn

Prezidan Luis Abinader, vya facebook

Dimanch 19 me 2024 sa a se te 1e tou eleksyon pou pòs Prezidan nan peyi Repiblik Dominikèn. Daprè sa jounal Listin Diario rapòte, kandida sòtan an, Prezidan Luis Abinader pran yon lòt manda 4 an kòm Prezidan nan tèt Repiblik Dominikèn depi nan 1e tou a avèk 59,29% vwa yo.

Lòt kandida yo pa peze lou ditou devan Abinader daprè rezilta yo. Ansyen Prezidan Leonel Fernandez nan pati Fòs Pèp la (FP) fè sèlman 26,91% vwa yo. Abel Martinez li menm ki se kandida Pati Liberasyon Dominikèn nan (PLD) rekòlte 10,63% vòt yo.

Luis Abinader te fè kanpay sou bilan ekonomik li ak sou jan li te sevè ak Ayisyen yo nan zafè imigrasyon.

Prezidan eli a deklare pèp la esprime li yon fason klè epi li di li aksepte konfyans pèp la fè li pandan li pran angajman pou li pa fè pèp dominiken an wont. «Mwen p ap fè nou wont», se sa li deklare.

Description de l'image