Lòt erè pou nou evite lè n ap ekri kreyòl

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Fyète Kreyòl Enfo retounen ankò pou li ede nou nan fason n ap itilize lang kreyòl nou an ni nan pale, ni nan ekri nan espas piblik la.

Pou jan li wè nou te apresye premye atik la, li panse li pran twòp tan pou li te retounen. Men tou li te vle ba nou ti tan pou nou te byen konprann sa nou te li a.

Jodi a li vini ak lòt erè anpil moun fè lè y ap ekri kreyòl. L ap esplike nou poukisa li fasil pou nou pa repete mòd erè sa yo. An reyalite, se pa lòt erè. Se menm erè nou te konsidere dènye fwa a. Se prensip la nou bezwen konprann apre sa tout bagay ap nòmal nan tèt nou.

Men kite nou di tou nou bezwen reyalize se yon bagay ki enpòtan pou nou ekri lang matènèl nou byen. Si nou pa bay lang nou valè, se tèt nou menm nou pa bay valè. Lè nou respekte lang nou, sa montre nou respekte tèt nou, nou respekte pèp nou, nou respekte manman nou nou fèk sot fete a.

Men egzanp pou jodi a. Moun nan ekri :

*Men sal dim poum diw.

Moun sa a fè 4 fot nan yon fraz tou kout konsa.  Si nou sonje prensip ki di nou dwe ekri chak mo pou kont li a,  nou dwe konprann nan fraz sa a genyen 9 mo an total. Se pa 5 mo.

Mo sal kapab egziste an kreyòl tankou nan : Pwofesè a nan sal la. / Machin nan sal mwen ak labou. Men se pa sal sa yo ki la a.

Mo dim kapab egziste tou, tankou sa yo bay legliz la : N ap ranmase anvlòp dim yo. Men se pa koze a sa ki nan fraz sa a.

Mo poum pa egziste menm. Ni mo diw.

An reyalite fraz moun nan ekri a se :

Men sa li di mwen pou mwen di ou.

Jan nou te wè sa deja fwa pase, se pwonon li ki kontakte apre sa (sa l), pwonon mwen ki kontrakte apre vëb di (di m) ak apre prepozisyon pou (pou m) epi pwonon ou ki kontakte apre vèb di (di w).

Sa ki fè avèk tout kontraksyon sa yo, fraz la se :

Men sa l di m pou m di w.

Se menm bagay nan : Li mande m pou m al avè l. / Kote l prale ak sè m nan? Frè l la panse m renmen l.

Lang kreyòl mwen se fyète m, mwen dwe ekri l byen.

Fyète Kreyòl Enfo espere atik sa a te itil nou yon lòt fwa, li pwomèt pou li retounen nan yon ti tan tou kout pou trete lòt ka ki gen rapò ak jan yo sèvi ak lang kreyòl nan espas piblik la, ni nan pale, ni nan ekri.

Description de l'image