Lopital Matènite Isaïe Jeanty resevwa premye pasyan li yo

KF : MSPP (Konsantman pasyan)

Yon ti tan aprei Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, fin relouvri ofisyèlman Lopital Matènite Isaïe Jeanty – Léon Audain yo konnen sou non Lopital Chansrèl jodi lendi 2 desanm 2024 la, te gentan gen plizyè fanm ansent ki te ale konsilte pou resevwa swen.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon presize konsiltasyon pandan fanm nan ansent enpòtan pou sante manman an ak ti bebe a. Li pèmèt yo siveye devlopman ti bebe a epi y ap kapab detekte si gen pwoblèm tankou tansyon ak dyabèt osinon bagay ki pa ta nòmal nan devlopman ti bebe a pou yo kapab aji rapidman.

Konsiltasyon sa yo ede paran yo jwenn bon jan enfòmasyon sou gwosès la, akouchman an ak swen ki nesesè pou ti bebe a. Sa pèmèt paran yo mwens sou tansyon epi pare pou akeyi ti bebe a.

Description de l'image