Nan yon nòt kondanasyon jedi 13 fevriye 2025 la, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) kondane ak tout fòs li zak kriminèl ki fèt 13 janvye 2025 la ki ravaje lokal Lopital Inivèsite Leta Ayiti tout moun konnen sou non Lopital Jeneral.
MSPP deklare menm si Lopital Jeneral, yon lopital referans, fèmen depi kèk tan, li rete yon potomitan nan sistèm sante nasyonal la.
MSPP fè konnen pi lwen zak kraze brize sa a se yon atak yo pa ka aksepte kont patrimwàn sante peyi a, epi ki mete abse sou klou traka popilasyon an pou li jwenn swen lasante. Li fè konnen lè yo detwi yon enstitisyon lasante, se dwa fondamental pou gen lavi ak diyite moun yo atake.
Anfen MSPP mande otorite ki konpetan yo pou yo pran tout mezi ki nesesè. Li pwofite renouvle angajman li pou li travay pou tout popilasyon an kapab jwenn swen.
N ap raple nan dat 24 desanm 2024, pandan ansyen Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, t ap eseye relouvri Lopital Jeneral, bandi te atake Lopital la bridsoukou kote yo te touye 2 jounalis ak yon polisye epi blese plizyè lòt. Depi lè sa a, gouvènman an pa fè okenn efò pou sekirize Lopital la, jiskaske li arive pase anba flanm dife jedi 13 fevriye a.
N ap souliye tou otorite politik ak otorite ki responsab sekirite yo pa janm rate yon okazyon pou yo renouvle angajman yo di yo genyen pou fè lòd retabli nan peyi a. Samdi 8 fevriye a ki sot pase la a menm, Primati soti yon kominike bat tanbou sonnen klewon kote li te deklare Leta pase alatak pou fini ak ensekirite a.
Kominike sa a te deklare pa t ap gen poz, pa t ap gen jou konje nan lagè sa a y ap mennen kont gang yo. Nan sans sa a te genyen yon reyinyon CSPN an ijans ki te fèt samdi 8 fevriye a pou mobilize tout fòs Leta yo. Kominike a te fè konnen yo te deplwaye tout resous Leta pou frape koulèv la nan tèt pou yo kapab reprann kontwòl tèritwa a, paske popilasyon an dwe rale yon souf, se lòt kan an ki pou pè, daprè sa kominike sa a te presize.
