Lopital Chansrèl sou wout pou li relouvri

KF: MSPP

Lendi 25 novanm 2024 la, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP), Doktè Duckenson Lorthe Bléma, ki te genyen avèk li Direktè Jeneral Ministè a, Doktè Gabriel Thimothé, ansanm ak kèk Direktè santral, yo te rankontre estaf dirijan Medsen San Fwontyè (MSF) ak Alima ki se 2 patnè Ministè a sou repriz aktivite yo nan Matènite Isaïe Jeanty, yo konnen sou non Lopital Chansrèl.

Minis Sante Piblik ak Popilasyon an te bay bon jan enstriksyon klè sou dat pou lopital la ta relouvri, ansanm ak mekanis pou li fonksyone nan yon tan byen kout ak sou yon tan ki pi long.

Rankont sa a rantre nan kad jefò k ap fèt pou pèmèt popilasyon an jwenn bon jan swen sante, daprè sa MSPP presize.

Description de l'image