Lopital Chansrèl relouvri ofisyèlman

KF: MSPP

Lendi 2 desanm 2024 sa a, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, relouvri ofisyèlman Lopital Isaïe Jeanty ak Léon Audain yo konnen sou non Lopital Chansrèl. Nan okazyon sa a, patenè teknik ak finansye Ministè a, ALIMA ak kèk lòt patenè nan sosyete sivil la te prezan.

Nan entèvansyon li, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an mande konpreyansyon, kolaborasyon ak angajman tout moun nan konba pou sekirite ak pou sante popilasyon an.

KF: MSPP

Apre anviwon 9 nwa depi li te fèmen, Lopital Chansrèl ki relouvri a pral pèmèt fanm ansent yo jwenn bon jan swen yo merite pou yo kapab akouche nan bon kondisyon sou kontwòl medikal.

KF: MSPP

Reouvèti Lopital Chansrèl se yon premye pa nan dezi Minis Doktè Duckenson Lorthe Bléma pou pèmèt popilasyon an kapab jwenn plis swen sante.

Description de l'image