Ligdèchanpyon UEFA : Plizyè machwè won chavire nan 4èm joune a

,©Real Madrid F.C.

Plizyè machwè won chavire ‘nan premye faz 4èm joune ligdèchanpyon UEFA a madi 4 novanm 2025 la. Sa ki vin rebalanse tèt klasman an e bay ekip ki t ap talonnen lidè yo posibilite pou yo avanse tou.

Toudabò, Pari Sen Jëmen ki se chanpyon an tit tonbe lakay li devan Bayèn Minik 1 – 2 gras ak 2 gòl Luis Diaz (4′, 32′) avan li ta pral pran katon wouj nan fen premye mitan an (45+7′). Pou Pari Sen Jëmen, se Joao Neves ki te redui mak la nan 74èm minit.

Bò kote pa li, Reyal Madrid, yon lòt gwo pwa lou ki genyen plis tit nan konpetisyon sa a kite po li tou sou tèren Livèpoul ki bat li 1 – 0 gras ak yon gòl A. Mc Allister nan 61èm minit.

N ap note bèl operasyon Atletiko Madrid ki bat Wayal Inyon Sen Jilwaz nan kapital espanyòl la, Madrid, 3 – 1.

Katriyèm joune a ap rapousuiv mèkredi 5 novanm 2025 la avèk sitou Mannchestè Siti ki pral resevwa Dòtmonn, epi FC Baselòn ki pral an deplasman lakay Klèb Bwouj.

Description de l'image
Kite yon kòmantè