Premye so pa so. Men Reyal Madrid tonbe fò madi 8 avril 2025 la nan Emirates Stadium, lakay Asenal, nan kad 1/4 de final ale Ligdèchanpyon UEFA a. Se yon veritab medsin chwal Anglè yo te pare pou fè Kay Blanch la bwè jis nan dènye gòje.
Premye mitan match la ki te parèt ase ekilibre, avèk plizyè aksyon ki te rate nan chak kan, te fini nil 0 a 0. Se nan dezyèm mitan Asenal ta pral deklannche flèch li yo ki pa te kite okenn chans pou Reyal Madrid ki t ap sibi dominasyon mesye Mikel Arteta yo.
Toudabò, Declan Rice ta pral tire yon koufran majistral ki trase yon koub enposib pou li evite mi an avan l al dodomeya nan kan Madrilèn yo (58′). Kèk minit aprè, menm Declan Rice la ta pral mete yon bon ti sòs sou resèt la pou mesye Carlo Ancelotti yo avèk yon lòt koufran dirèk ki ta pral karese likàn nan pou antre nan gòl la, kote Thibaut Courtois te rete bèkèkè.
Epi, pandan Reyal Madrid te gen tout pwoblèm pou kontwole balon an epi mennen yon veritab aksyon danje pou ta pèmèt li redui mak la, Mikel Merino ta pral bay dènye kout tiwèl la lè li reprann yon bon sant nan kare a pou mete eskò 3 a 0 pou ekip lokal la.
Kòmsi kalvè Madrilèn yo pa te sifi, abit la ta pral mete Eduardo Camavinga deyò nan tan adisyonèl yo (90+4′), pou yon dezyèm katon jón.
Avèk defèt sevè sa a, Reyal Madrid gen anpil travay pou li fè nan Santiago Bernabéu a 16 avril prochen nan match retou a pou li ta rive fè yon remontada epi al jwe 1/2 final yo. Men li klè tou Asenal pa pral kanpe gade.
Yon lòt kote, Entè Milan pran yon bèl avantaj sou Bayèn Minik tou nan Allianz Arena, lakay Minikwa yo, 1 – 2.
Dezyèm seri 1/4 de final ale yo ap rapousuiv mèkredi 9 avril la avèk Bowousya Dòtmonn – FC Baselòn, epi PSG – Astonn Vila.
