Ligdèchanpyon : PSG anfen, PSG istorik, PSG puisans 5

© Paris Saint-Germain

Klèb fransè Pari Sen Jèmen (PSG) ekri listwa an lèt dò lè li krabinen Entè Milan nan kad final Ligdèchanpyon UEFA samdi 31 me 2025 la nan estad Allianz Arena nan vil Minik an Almay pou li ranpòte premye twofe li nan pi gwo konpetisyon ewopeyen nan nivo klèb yo pou premye fwa.

Se istotik pou PSG ki rive ranpòte tit la avèk yon men gòl plen li lage nan sakit Entè Milan nan yon match Parizyen yo te domine nan tout kò li, depi nan kòmansman jiska lafen. Anpil moun ta ka panse se yon sèl ekip ki te gen konsyans li t ap jwe yon final Ligdèchanpyon, tèlman Milanè yo pa te montre yo te nan wotè evènman an.

Alafen, se ak 5 gòl a 0 Mesye Luis Enrique yo ekri non yo nan listwa konpetisyon an. PSG puisans 5.  Se yon rekò pou yo paske okenn ekip pa te ko janm genyen yon final Ligdèchanpyon avèk diferans avantaj 5 gòl depi konpetisyon sa a kreye nan lane 1956. Se vre Reyal Madrid te make 7 gòl nan final 1960 kont Entrak Frankfò men li te pran 3 tou, sa ki te bay yon avantaj 4 gòl diferans pou Madrilèn yo.

Se klè PSG te swaf tit la li t ap chèche depi lontan. Se konsa li te pran match la o serye depi balon an te santre. Avèk yon presing wo ki te anpeche Milanè yo gen kontwòl balon an epi soti nan kan yo, Fransè yo ta pral louvri eskò a depi nan 12èm minit avèk A. Hakimi. Sèlman 8 minit apre (20′), D. Doué ta pral double mak la pou te pèmèt PSG mennen 2 a 0. Se sou eskò sa a mitan an ta pral fini kote Parizyen yo te deja genyen yon men yo sou koup la, paske nan fason Italyen yo t ap jwe, tout moun te ka wè kijan li ta pral difisil pou yo pou te remonte pant la, si se pa ta yon mirak.

Se konsa nan dezyèm mitan an, menm D. Doué a ta pral sale manje a pi plis toujou nan men Milanè yo lè li enskri yon double pèsonèl, sinonim twazyèm gòl pou Pari. Men Entè Milan te dwe bwè metsin nan jous dènye gòje. Se konsa li ta pral ankese de lòt gòl avèk K. Kvaratskhelia (73′) epi S. Mayulu (86′).

Anfen PSG ranpòte premye twofe Ligdèchanpyon li nan yon fason ki pa ta ka pi bèl pase sa. Luis Enrique rive transfòme ekip la epi mete li chita pami tout gwo pwa lou ewopeyen yo. Se yon bon pwen tou pou foutbòl fransè a. Chapo pou PSG !

Description de l'image
Kite yon kòmantè