Nan kad 23èm jounen Liga a, chanpyona foutbòl maskilen espanyòl la, FC Baselòn te an deplasman nan estad Ramón Sánchez Pizjuan lakay FC Seviy, kote li fè yon festival ofansif, dimanch 9 fevriye 2025 la.
Baselònè yo te bezwen pwofite fo pa Reyal Madrid ak Atletiko Madrid ki nan tèt chanpyona a epi ki t ap toke kòn yo yè kote youn pa te kapab mete do lòt atè, yo te oblije separe pwen yo gras ak yon match nil 1 – 1. Ebyen Baselòn ki se yon veritab machin gòl depi antrenè alman an, Hansi Flick pran tèt ekip la, li pa te kite chans li pase pou li te rete kole ak ploton tèt la lè li vannen FC Seviy 4 – 1.
Byen bonè, atakan polonè a ki nan tèt klasman bitè nan Liga a, Robert Lewandowski, ta pral louvri mak la nan 7èm minit pou Baselònè yo. Men yon minit apre, R. Vargas ta pral egalize pou FC Seviy. Nan 46èm minit, F. López ta pral bay Baselòn avantaj la epi Raphinha ta pral fè 3 – 1 an nan 55èm minit. Malgre Baselònè yo te vin redui a 10 apre abit la te mete F. López deyò, sa pa te anpeche E. Garcia make gòl 4 – 1 an pou Katalan yo nan 89èm minit.
Avèk viktwa eklatan sa a, FC Baselòn toujou okipe 3èm plas klasman an avèk 48 pwen, a 2 pwen de Reyal Madrid (50 pwen) epi a 1 pwen de Atletiko Madrid (48 pwen). Kidonk, Liga a relanse konplètman, batay la pral rèd pou konnen kilès k ap ranpòte tit la ane sa a.
