Nan yon vizit li rann Misyon miltinasyonal yo di k ap apiye sekirite an Ayiti a, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire, ki te akonpaye ak Mesye Fritz Alphonse Jean, Manm Konsèy Tranzisyon an, ak Mesye Rameau Normil, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti, li te salye angajman misyon an bò kote PNH la nan goumen kont bandi yo.
Pandan li prezante kondoleyans ofisyèl li bay misyon an ki te pèdi yon sòlda ki te fè pati kontenjan kenyan an, Mesye Leslie Voltaire te pwofite renouvle angajman Konsèy Tranzisyon an pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a.
Prezidan Konsèy Tranzisyon an te salye gwo avanse li di ki fèt sou tèren an gras ak jefò tèt kole fòs nasyonal ak entènasyonal yo. Li te tou montre li rekonesan pou tout peyi k ap potekole nan misyon sa a.
