Lengwis Akademisyen Pierre Michel Chéry kite nou

KF: Paj facebook Pierre Michel Chéry

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) anonse jodi samdi 25 me 2024 la sou paj facebook li akademisyen Pierre Michel Chéry mouri, san li pa founi plis detay.

Pierre Michel Chéry se te lengwis, ekriven, matematisyen. Se youn nan moun ki goumen anpil pou lang kreyòl la rive okipe vrè plas li nan sosyete ayisyèn nan. Pami liv li ekri an kreyòl, nou kapab site woman Eritye Vilokan ak Bèbè Gòlgota. Ta sanble li t ap soufri nan dènye tan sa yo.

Lanmò Pierre Michel Chéry, Pimich, reprezante yon gwo gwo pèt pou sektè literè a, monn edikatif la, Akademi Kreyòl Ayisyen an ak pou tout sosyete ayisyèn nan.

Annatandan plis enfòmasyon, Fyète Kreyòl Enfo koube li byen ba pou salye depa konbatan lang kreyòl sa a pandan li pwofite voye senpati li bay tout fanmi li ak kòlèg li yo, an patikilye bay tout Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Description de l'image