Legliz Batis Bòlòs : Timoun yo mande lapè

Jodi dimanch 9 jen sa a, se te Selebrasyon Jounen Nasyonal Timoun nan Legliz Batis Bòlòs. Nan okazyon sa a te genyen yon sèvis espesyal ki te sou responsabilite seksyon timoun yo nan legliz sa a. Eksepte anons yo Pastè Dieubénite Alexis ki se Pastè  Asosye Legliz Batis Bòlòs te fè, se seksyon timoun yo ki te fè tout bagay nan sèvis espesyal sa a yo te prepare pou ofri bay Bondye ansanm ak asanble a.

Se sou tèm « Pandan n ap kite lanmou Bondye gide nou, an nou leve timoun nou yo nan lapè k ap la pou toutan an» ansanm ak eslogan « Nou vle lapè» pwogram nan te dewoule. Konsa timoun yo te tou pwofite esprime dezi yo pou yo grandi nan yon monn kote lapè renye, nan kontèks ensekirite jeneral ki gen nan peyi a, an patikilye nan kapital la, sitou nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens la kote Legliz Batis Bòlòs sitiye a.

Nan sèvis espesyal sa a tou, se te okazyon pou timoun yo nan Legliz Batis Bòlòs egzèse talan yo, pou montre gen espwa toujou nan peyi a paske y ap pare pou ranplase jenerasyon ki prale a. Si se pou dirije sèvis, chante, priye, preche, pran lapawòl an piblik, relèv Legliz Batis Bòlòs asire.

Se te yon sèvis byen ge, byen anime nan yon dimansyon espirityèl  estrawòdinè. An menm tan, sa montre gen yon gwo travay responsab seksyon timoun yo nan Legliz Batis Bòlòs ap reyalize anba lidèchip kò pastoral la.

Moun ki te dirije sèvis la se Adee Yarah Philias. Men gen anpil lòt manm seksyon timoun yo ki te kolabore pou te gen sèvis sa a nan dimansyon li te ye a. Te genyen Ruthmaelle Midy kòm animatris, Obed Saintil nan prelid, Dalinji Dorcine nan mo byenvini,  Carla Cadet pou te envite asanble a vin adore, Lud E. Christie Saint Jacques, Shamaelle Théila Damour ak Anne Bidlyne Etienne nan priyè,  Esther  Milovena Monbeille ak Valentina Jaccima nan lekti, Thamar Pierre nan ribrik espesyal, Medjina Olibert nan animasyon, Arahvena Philias, Medjina Olibert, Samdjina Jean Louis, Dumont Francklin, Christopher Cadet, Pwojè HA0802 ak Koral kadèt nan mizik espesyal, Laurie Pierre pou prezantasyon mesaje a, ak John M. Wesley Milfort, mesaje.

John M. Wesley Milfort se yon jèn adolesan Legliz Batis Bòlòs ki lekòl segondè toujou nan lise Anténor Firmin. Rèv li se pou li vini yon pastè. Li te tou gen chans fè yon bon estaj nan sèvis espesyal sa a jodi dimanch la.

Li te preche nan Pwovèb 20 v 11 ki di : « Yon timoun montre ou sa l ap soti nan sa l ap fè. Ou ka di si l ap serye, si l ap bon.» Nan mesaj la li te mete aksan sou responsabilite paran yo ak devwa timoun yo. Li te montre paran yo gen de responsabilite anvè timoun yo ki se ba yo valè moral epi sèvi yo kòm modèl. Pou timoun yo, li te di devwa yo se aplike sa paran yo di yo pou yo kapab viv lontan epi nan lapè.

Jodi dimanch 9 jen an, timoun yo te alonè nan Legliz Batis Bòlòs. Anplis sèvis adorasyon espesyal sa a, Asosyasyon HA0802 te òganize yon fwa agwo-gastwonomik kote li te mete an valè divès kalite manje ak pwodui lokal nan lonè timoun ki te prezan yo.

N ap raple pandan tout mwa jen an Legliz Batis Bòlòs ap òganize konferans mwason. Sèvis konferans la fèt dimanch maten sèlman akoz sitiyasyon ki pa nòmal ki gen nan zòn nan. Men konferans la pran yon ti poz dimanch sa a ak 3èm dimanch ki pral espesyal tou paske se pral fèt pwomosyon Batayon an.

Description de l'image