Legliz Batis Bòlòs ki chita nan tèt 4èm Avni Bòlòs sou Wout Dal nan Pòtoprens se yon plant k ap toujou fleri. Daprè sa responsab legliz sa a fè konnen, se yon plant Letènèl plante ak men li, konsa malgre move tan, legliz la ap toujou donnen.
Jodi dimanch 2 jen an se te sèvis ki louvri konferans mwason nan Legliz Batis Bòlòs. Konferans la ap dire tout mwa jen an men l ap fèt dimanch maten sèlman.
Akoz jan sitiyasyon an ye nan zòn nan, Legliz Batis Bòlòs oblije adopte yon orè espesyal pou li fonksyone. Se sa tou ki pouse lidè yo jwenn yon fason pou yo adapte yo tou, olye yo fè konferans la sou yon semèn jan sa te konn fèt lontan, yo prefere etale li sou tout mwa jen an, avèk sèvis dimanch maten sèlman.
Se sou tèm «An n bay Bondye sa ki pou li» konferans la ap dewoule ane sa a. Nan premye sèvis dimanch 2 jen sa a ki te anba direksyon Dyak Lamorte Volny, responsab yo te vle montre kretyen yo, an rapò ak tèm nan, yo dwe bay Bondye tout bagay paske tout bagay se pou Bondye. Se sa Pastè Espérance Saint Jacques ki se Pastè an chèf legliz la te souliye. Li te di : «Tout sa ki egziste se pou Bondye».
Bò kote pa li, Frè Féguens Robert Sainvil ki te mesaje pou premye jou konferans la te ale nan menm sans la pandan li te montre kretyen yo dwe montre rekonesans yo pou Bondye pou sa li fè pou yo. Nan sans sa a li te fè asanble a bat yon gwo bravo pou Bondye kòm siy ki montre yo rekonesan.
Li te preche nan Lik 20 v 19 a 27. Li te pale de orijin mwason an, li te montre gen plizyè kalite mwason, epi li te souliye se yon siy rekonesans lè kretyen yo bay Bondye sa ki pou li. Kòm tout bagay se pou Bondye, kretyen yo pa kapab regrèt bay.
Anplis konferans la k ap chita sou tout mwa jen an, genyen 2 lòt evènman espesyal nan Legliz Batis Bòlòs pandan mwa sa a daprè sa Pastè an chèf la anonse. Toudabò, dezyèm dimanch se ap sèvis espesyal seksyon timoun yo nan okazyon Jounen Entènasyonal Kont Travay Timoun, ansuit, 3èm dimanch se sèvis fèt pwomosyon Batayon.
Sèvis pwomosyon Batayon an te konn fèt nan aswè men pou menm rezon difikilte ki gen nan zòn nan, yo oblije fè li nan maten.
Anpil fidèl Legliz Batis Bòlòs pa kapab ale legliz la pou tout rezon difikilte sa yo. Gen anpil tou ki deplase ale an pwovens osinon nan lòt zòn byen lwen depi lè moun ak zam deside sa yo di nan peyi a se sa ki pou fèt. Erezman, radyo Sentinelle pote sèvis yo ba yo lakay yo chak dimanch sou 93.9 FM depi li fè 1 è PM.
Petèt se ta yon bon lide pou lidè yo ta gade kijan fidèl sa yo ta kapab patisipe tou nan mwason an, menm si yo pa kapab prezan legliz la fizikman.
