Nan batay pou chanjman an, otorite peyi d Ayiti yo rive make yon gwo pwen avèk gwo chanjman sa a yo pral rive fè nan lè nasyonal la.
Konsa, nan yon nòt pou laprès ki soti nan Sekretarya Jeneral Prezidans la, yo raple ajan fonksyon piblik yo, ajan sektè prive a, ak popilasyon an an jeneral, daprè atik 2 arete prezidansyèl 7 mas 2012 la, lè nasyonal la ap fè bak 60 minit apati 2 zè nan maten dimanch 2 novanm 2025 la
Menm si se bak lè a fè, men Ayisyen va resi sispann di pa gen anyen ki chanje nan peyi a.
De tout fason, apati dimanch, nou pral kapab rete prelase nou ti kras pi plis avan nou pran kouto digo nou pou n al toke kòn ak lavi di.

