Lè Leta ap souflete pwofesè

Pwofesè Williamson Saint-Fleur / Kaptaj ekran (modifye) videyo sou paj Leoson Dorvilien

Soti nan vyolans senbolik otorite Leta nan peyi d Ayiti ap fè sou pwofesè nan kenbe yo nan kondisyon egzekrab lamizè, ensekirite tout kalte, genyen yon gwo pa ki franchi lè vyolans sa a chavire nan fòm vyolans fizik ki atake entegrite fizik pwofesè, diyite li, onè li kòm moun, anba chaplèt ajan leta ki ta dwe ap pwoteje li.

17 me 2025 la se jou yo mete apa nan peyi d Ayiti pou fete pwofesè. Nan okazyon sa a, plizyè otorite nan Leta a te pwofite fè tèt yo parèt nan fè bèl diskou swadizan pou onore pwofesè. Men se menm Leta sa a, atravè ajan Lapolis li yo, nan okazyon selebresyon 222èm lane kreyasyon drapo ayisyen an, ki ouvè souflèt nan figi yon pwofesè ki te sèlman ap mande pou Leta respekte angajman li te siyen pou te fè yon ti pa tou piti nan sans satisfaksyon revandikasyon pwofesè yo pou yo gen pi bon kondisyon travay.

Zak sa a se yon egzanp klè ki vin konfime Leta ayisyen pa bay pwofesè regle anyen pou li. Olye Leta sa a onore angajman li te siyen pou bay revandikasyon pwofesè yo yon minimòm satisfaksyon, li prefere pran yo ak souflèt, kout pye, kenbe yo nan kòlèt, bourade yo, dechire rad sou yo, imilye yo.

Ajan polis sa yo dezonore tèt yo, yo dezonore pwofesè yo te genyen nan lekòl, men sitou, yo dezonore enstitisyon lapolis la ak tout pwofesè yo te genyen nan akademi polis la. Kijan yon polisye kapab twouve li nòmal pou w ap lave men ou nan figi yon sitwayen fasil konsa, menm si li pa te pwofesè ? Epoutan polisye sa yo fè onè Leta a paske yo poze yon aksyon ki ale nan sans li : pwofesè pa gen valè, ou ka pran yo ak kalòt, kout pye, pousad jan ou vle.

Pwofesè Williamson Saint-Fleur, se li menm Leta, atravè ajan polis li yo, maltrete, souflete, imilye, men se nen tout pwofesè nan tout peyi a ki kouri dlo. Twòp se twòp, pwofesè pa kapab kontinye sibi tout kalte vyolans anba men Leta ki tèlman pa bay pwofesè enpòtans jis nan pwen pou li kwè ata vyolans fizik li gen libète egzèse.

Zak sa a revòlte tout pwofesè ki dwe kanpe pou di non. Chemen bouton se chemen maling. Si li fasil pou yon polisye lave men li nan figi yon pwofesè konsa, demen l ap pi fasil toujou pou li jis rale revòlvè a.

Description de l'image