Lè Leslie Voltaire ap entèprete konstitisyon an pou Garry Conille

Leslie Voltaire / Garry Conille

Leslie Voltaire, nouvo Kòdonatè Konsèy Tranzisyon ki nan tèt peyi a dèyè do konstitisyon an, pa deside kite sa. Apre konfizyon ak desepsyon ki te blayi sou delegasyon Ayiti a nan kad 79èm Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an, Konsèy Tranzisyon an te deside konvoke Minis Afè Etranjè ak Kil la, Madam Dominique Dupuy pou te al fè limyè pou li sou sa ki te pase yo.

Konsa, nan yon lèt ki te soti nan Biwo Konsèy la nan dat 30 septanm 2024 ak siyati Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste ki se chèf kabinè, Konsèy Tranzisyon an te enfòme Minis Dominique Dupuy li te konvoke nan yon reyinyon nan Viladakèy mèkredi 2 oktòb 2024 la a 11 zè nan maten.

Objektif konvokasyon sa a se te pou Minis la te kapab esplike dekiprevyen te genyen yon bann konfizyon nan pwogram delegasyon Ayiti a nan kad 79èm Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.

Premye Minis Garry Conille ki sanble pa te dakò konvokasyon Minis Dupuy te ekri Konsèy Tranzisyon an nan dat 2 oktòb kote li te eseye montre konvokasyon Minis la pa te respekte pratik ak prensip bòn gouvènans. Li te rale atik nan konstitisyon an pou li montre, kòm Chèf gouvènman, se li ki Chèf Minis yo, konvokasyon an pa te kapab fèt san li. Yon lòt kote li te montre tan yo te bay Minis la pou li te rasanble dokiman yo te mande li pou li mache ak yo a te twò kout.

Mesye Leslie Voltaire li menm ki te monstre anpil pou desepsyon li te sibi nan kad Asanble Jeneral Nasyonzini sa a, lè li vin pran tèt Konsèy Tranzisyon an, li retounen sou dosye a ak tout vitès pou tabli dwa Konsèy la genyen pou konvoke nenpòt Minis li vle san li pa bezwen gen akò Premye Minis la.

Nan yon lèt li ekri Premye Minis Garry Conille nan dat 9 oktòb 2024, Konseye Leslie Voltaire pa manke bay tèt li dwa pou li entèprete konstitisyon an pou Premye Minis la. Nan ti leson konstitisyon sa a li eseye bay Premye Minis la, Konseye a montre lekti Mesye Conille la pa kòrèk menm, konstitisyon an pa janm di sa li te fè li di nan lèt 2 oktòb 2024 li a.

«Mwen ta renmen fè ou remake agiman ou soulve pou eseye bloke ak antrave aksyon Konsèy Tranzisyon an te pran nan egzèsis pouvwa li, yo pa kanpe sou anyen. Toudabò, referans ou yo pa kòrèk. Vreman vre, ou deklare atik 156 ak 159 nan Konstitisyon an «di klèman Premye Minis la se Chèf Gouvènman an epi li genyen, an kolaborasyon ak Prezidan Repiblik la, otorite sou manm Gouvènman yo», epi «li presize Premye Minis la dirije epi kowòdone aksyon Minis yo, ki anba otorite dirèk li», epoutan se pa sa ditou atik sa yo di.»

Mesye Leslie Voltaire kontinye pou deklare li kwè se enpòtan pou li raple Premye Minis la Konsèy Tranzisyon an, nan egzèsis pouvwa Prezidan Repiblik la, li se Chèf Leta ak Chèf Pouvwa Egzekitif la. Nan kalite sa yo, epi an akò ak dispozisyon atik 136 konstitisyon an, Konsèy Tranzisyon an dwe asire respè ak egzekisyon konstitisyon an ak estabilite enstitisyon yo. Se responsablite li pou asire fonksyònman regilye otorite piblik yo ansanm ak kontinuite Leta. Nan sans sa a, selon Mesye Leslie Voltaire, Konsèy Tranzisyon an kapab konvoke nenpòt Manm gouvènman an, nan mwayen li jije ki bon, san li pa bezwen konsilte Premye Minis la avan pou sa, sitou pou li jwenn enfòmasyon sou jan enstitisyon yo ap mache.

Konseye Leslie Voltaire ajoute :

«Yon lòt kote, Atik 169-1 nan Konstitisyon an prevwa, nan okenn ka, lòd ekri oswa deklarasyon vèbal Prezidan Repiblik la pa kapab pèmèt Minis yo chape anba responsablite yo genyen nan kad fonksyon yo, kidonk konstitisyon an tou rekonèt la a dwa Chèf Leta a genyen pou li bay Minis yo lòd ekri ou vèbal. Kounye a, mwen pa panse li nesesè pou mwen ajoute yon mo ankò pou m fè ou konprann pou bay ak resevwa lòd vèbal, Prezidan Repiblik la ak Minis yo dwe nan yon menm espas, kote li fasil pou kominike akoz yo tou pre youn ak lòt.»

Li enpòtan tou pou nou souliye pandan tout kesyon sa yo ap trete, gang ame toujou kontwole pi fò tèritwa nasyonal la, moun pa kapab sikile ni nan kapital la, ni soti ale nan yon lòt depatman san yo pa riske lavi yo, mwatye popilasyon an ap mouri grangou, pa gen yon wout nan kapital la, Pòtoprens, ki pa kraze, Lopital Jeneral toujou fèmen, Repiblik Dominikèn fèk dechennen vag rasis li kont migran Ayisyen y ap pimpe tounen an mas chak semèn, pami aritmetik pwoblèm k ap brase bil popilasyon ayisyèn nan.

Description de l'image