Jounen 24 desanm 2024 la ki ta dwe yon jou rejwisans pou popilasyon ayisyèn nan tounen yon jounen kochma, yon jounen dlo nan je kè sere pou popilasyon an, patikilyèman pou travayè laprès yo nan kad travay chèche ak pataje enfòmasyon yo.
An tou se de (2) jounalis ki pèdi lavi yo, plis sèt (7) lòt ki blese anba bal nan kad atak gang ame yo te lanse kont Lopital Jeneral, pi gwo sant ospitalye peyi a Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, t ap eseye relouvri.
Jounalis ki mouri yo se Jimmy Jean ki t ap travay pou medya an liy Moun Afè Bon TV ak Mackendy Natoux ki t ap travay pou VOA Kreyòl. Nan menm okazyon an genyen yon polisye ki mouri anba bal tou, non li se Daniel Raynaud.
N ap raple apre li te fin relouvri Lopital Matènite Isaïe Jeanty yo konnen sou non Lopital Chansrèl nan dat 2 desanm pase a, Minis Duckenson Lorthe Bléma te pwomèt li ta pral relouvri Lopital Jeneral kòm yon kado nwèl pou popilasyon an. Malerezman, kado nwèl la tounen yon kado pwazon pou travayè laprès yo ki pa gen chans rantre lakay yo al fete nwèl ak fanmi yo, apre yo t al kouvri evènman sa a.
Apre trajedi sa a ki pase nan Lopital Jeneral la, Mesye Leslie Voltaire ki se Prezidan tout Prezidan Tranzisyon yo, li fè yon deklarasyon ki konn abitye fèt deja kote li deklare sa ki pase a p ap rete san konsekans.
Bò kote pa li, gouvènman Mesye Alix Didier Fils-Aimé ap dirije a pibliye yon kominike men longè kote li refè deklarasyon otorite yo toujou fè nan sitiyasyon sa yo kòmkwa li kondane sa ki pase a ak tout fòs li epi li pral trennen moun ki fè zak babari sa yo devan lajistis.
Gouvènman an fè konnen tou relouvri Lopital Jeneral rete youn nan priyorite li yo epi li anonse Lopital la pral relouvri trè byento ak bon jan sekirite kòm prèv gouvènman an gen detèminasyon pou defann enterè popilasyon an epi konbat fòs k ap simen latwoublay yo.

