Laprès ayisyèn an dèy !

Laprès ayisyèn, patikilyèman Radyo Televizyon Caraïbes, pran yon gwo kou nan fen ane 2024 sa a avèk desè jounalis Jean Gérin Alexandre, ansyen Direktè sal nouvèl estasyon riyèl Chavannes nan.

Jean Gérin Alexandre te lopital kote li t ap pran swen apre yon AVC li te sibi. Malerezman, maladi a pa ba li chans, li pati kite nou jedi 12 desanm 2024 la.

Yon vwa grav, poze, Jean Gérin Alexandre se yon moun òditè radyo Caraïbes yo te apresye anpil pou pwofondè analiz li sou sitiyasyon sosyal ak politik peyi a. Malgre pwoblèm sante, li te kontinye anime emisyon Maten Karayib ansanm ak lòt jounalis nan radyo a jis nan dènye moman yo.

Depa Jean Gérin Alexandre kite yon gwo vid nan monn medyatik la nan peyi a, patikilyèman nan Radyo Televizyon Caraïbes.

Nan okazyon tristès sa a, Fyète Kreyòl Enfo koube li byen ba pou salye depa potorik gason sa a ki t ap batay pou nou gen yon pi bon peyi, epi li tou pwofite prezante senpati li bay tout fanmi, zanmi, kòlèg dèy sa a plonje nan lapenn, espesyalman tout pèsonèl Radyo Televizyon Caraïbes.

Se pou nanm li repoze an pè !

Description de l'image