Lapolis voye moun ki te touye polisye Rivalcy Abner a al bwa chat

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen yo voye moun ki te touye polisye Rivalcy Abner a al bwa chat nan kad yon entèvansyon nan dat 25 oktòb 2025 nan Fondèblan.

Moun sa a ki te touye polisye a, daprè sa Lapolis presize, yo konnen li plis sou non Laurent Bertony, alyas Ti Polis. Lapolis fè konnen yo t ap chèche li depi lontan pou zak asasinay li te kalkile epi fè sou polisye a.

Se pandan inite espesyalize PNH yo t al arete li, toujou daprè Lapolis, Ti Polis ta chwazi afwonte polisye yo pito epi se konsa li ta pral blese nan tire kout bal ak fòs lòd yo jous li rive rann dènye souf li.

N ap raple polisye Rivalcy Abner te pèdi lavi li samdi 18 oktòb 2025, nan lokalite Gous ki chita nan komin Fondèblan pandan li t ap akonpli devwa li nan kad yon manda ki te konsène manman ansasen an.

PNH tou pwofite raple li kanpe djanm pou defann tout sitwayen peyi a kont tout move zak bandi ak kriminèl san fwa ni Iwa. Li fè konnen li angaje epi detèmine pou rapouswiv, trake ak fouke tout moun k ap simen dèy nan popilasyon an osnon nan kan PNH la.

Description de l'image