Lapolis voye 4 bandi al bwa chat epi sezi yon machin ak 2 zam

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan Kenskòf voye 4 bandi ki t ap tire kout bal avèk li al bwa chat, sezi yon machin ak 2 zam, samdi 23 novanm 2024 la.

Machin ki sezi a se yon Nissan Pathfinder gri, plak AA-88424. Nan 2 zam ki sezi yo, genyen yon revòlvè kalib 38 ak yon pistolè kalib 9 mm. Pami bandi ki tonbe yo, gen youn ki se yon evade prizon yo konnen sou non Alain.

Aksyon sa a pase nan yon lokalite yo rele Vya, nan Belo nan komin Kenskòf.

Lapolis ap kontinye chèche chèf gang yo konnen sou non Didi. Se pou li Alain t ap travay kòm toutè pou te anvayi komin Kenskòf. Plan yo a pa rive reyalize akoz fòs lòd yo te sou men yo.

Lapolis Nasyonal d Ayiti pwofite renouvle angajman li pou pwoteje ak sèvi popilasyon an, pou lòd, lapè ak sekirite kapab retabli nan tout peyi a.

Description de l'image