Nan yon veritab twa fwa pase la se ladènye ki rèstera, mwen p ap kite pou ou se ou k pou kite pou mwen ant Lapolis ak bandi ame nan Gresye, Lapolis Nasyonal d Ayiti anonse yo reprann komisarya Gresye a yon lòt fwa apre lòt gwo atak bandi san fwa ni lwa yo te fè kont komisarya a samdi 29 jen pase a, men tou kont popilasyon sivil Gresye a.
Se nan kad yon entèvansyon ki reyalize lendi 1e jiyè 2024 la daprè sa Lapolis fè konnen li rive reprann komisarya a. Nan okazyon an, plizyè bandi ta tonbe nan echanj kout bal ak ajan lòd yo, chofè ki t ap kondi anjen lou pou te tante kraze yon pati nan komisarya a jwenn arestasyon l epi lapolis konfiske anjen lou a, toujou daprè sa Lapolis di.
Deja nan mwa me pase a, bandi sa yo te deja fè gwo atak kont komisarya Gresye a epi kont popilasyon sivil la kote plizyè sitwayen te pèdi lavi yo, san konte sa ki te oblije sove kite kay yo. Apre sa, Lapolis te reprann komisarya a san vrèman pote yon viktwa definitif sou bandi yo ki sanble t al reyòganize yo pou yo te retounen frape pi fò ankò.
Se konsa samdi 29 la, yo te mennen gwo atak kote moun te kapab wè nan yon videyo yo te pibliye yo t ap chante vanyen yo andedan komisarya, epi yo te menm genyen yon bakolodè ki t ap demoli li. Nan atak sa a ki te vize popilasyon sivil la tou, otorite yo nan vil Gresye fè konnen ta genyen anviwon 20 sitwayen ki ta pèdi lavi yo ak anpil lòt ki te oblije kouri kite kay yo.
Se bon siy pou Lapolis re-reprann komisarya a, men wout la ap pi long toujou pou sitwayen yo reprann konfyans pou yo retounen lakay yo epi pou lapè retounen nan komim Gresye.
