Lapolis poteboure sou baz gang kraze baryè

Kaptaj ekran PNH

Pawòl la di pi bon fason pou defann, se atake. Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) sanble pase yon vitès siperyè nan poteboure sou gang kriminèl yo ki soti pou rann lavi popilasyon ayisyèn nan enposib. Se konsa Lapolis make kèk bon pwen sou baz gang kraze baryè a nan Tòsèl ak Pènye.

Apre operasyon PNH te mennen jedi 22 me 2025 nan Pènye kote yo te sezi zam, minisyon, materyèl kominikasyon, ak plizyè bandi ki te bwè dlo bouch yo, fòs lòd yo te kontinye ak ofansiv yo nan Pènye, kote yo te tire anpil kout bal ak bandi yo, epi rive penetre nan espas peristil chèf gang kraze baryè a abitye fè seremoni.

Nan kad operasyon sa a, Lapolis fè konnen gen anpil bandi ki kouri mande pye yo sa yo te manje yo pa t ba li, devan puisans frap fòs lòd yo. Kanta pou chèf gang nan, Lapolis fè konnen li t ap lage pye li avèk de machin zo reken men finalman li te oblije kouri kite yo nan moman Lapolis t ap boukante kout bal ak malfèktè yo.

Operasyon sa yo kòmanse depi mèkredi 21 me kote Lapolis te atake gang kraze baryè a nan Taba nan zòn Tòsèl, Ediwann, Sunauto, Pak Kanasik, kote polisye yo te pwogrese, libere wout bandi yo te bare pou anpeche fòs lòd yo rive nan baz yo.

Lapolis sèmante li p ap bat ba devan bandi yo ki vle pran kontwòl peyi a, l ap kontinye mennen operasyon jiskaske li rive mete tout bandi k ap simen dezagreman nan popilasyon an nan wòl yo.

Description de l'image