Daprè yon mesaj Primati a pibliye samdi 1e mas 2025 la, li fè konnen Lapolis pase alatak kont gang ame yo.
Primati a presize se yon fòs òganize espesyal yo mete kanpe nan moman an ki kòmanse bay rezilta. Li fè konnen gen yon operasyon ki pa rete ak operasyon k ap dewoule nan Ba Dèlma kote plizyè bandi deja elimine.
Primati a fè konnen fòs sekirite yo mobilize san kanpe nan kad operasyon sa a.
Li mande pèp ayisyen an pou yo pran kouraj, Leta p ap bat ba, l ap ranpòte laviktwa sou gang yo epi Ayiti pral rekanpe ankò.
Gen enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo ki ta fè kwè Lapolis ta fè yon bèk sou chèf gang kriminèl yo ki gen baz li nan Ba Dèlma, men pa ko gen okenn konfimasyon ofisyèl sou sa nan moman n ap ekri atik sa a.
