Lapolis Nasyonal d Ayiti ta dwe toujou yon kò ki disipline

Apre antèman Polisye Inite  Elit SWAT, Jeff Petit-Dieu, madi 10 desanm 2024 la, Polisye ki te tonbe nan Solino,  yon vanyan gason ki sakrifye vi li pou katye sa a pa te tonbe anba men bandi ame yo, polisye ki t ap asiste yo tire anpil katouch anlè, sa ki endiye anpil moun nan sosyete a, e menm nan nivo Lapolis la li menm. Sitiyasyon sa a soulve kesyon sou disiplin andedan Lapolis la ki se yon kò ame legal ki anba kòmandman gwo chèf ki plase sou tèt li.

Nan kontèks jodi a, li riske pou moun ta ap kririke Lapolis Nasyonal d Ayiti pou divès rezon. Toudabò, polisye yo ap degaje yo jan yo konnen pou goumen kont bandi ame ki vle kontwole tout peyi a ; ansuit, tout kritik kont Lapolis ta kapab entèprete kòm yon patipri pou bandi ame yo ki soti pou fin detwi tout nanm nasyon an ; menm jan kritik sa a ta kapab parèt tankou yon faktè pou dekouraje Lapolis la nan batay san pran souf l ap mennen kont gang ame yo ; finalman, sa ta kapab yon gwo danje pou otè kritik la, etandone polisye yo nan yon kontèks tansyon tèt chaje ki ta ka pouse yo nève fasil e menm rive kite bourik la pou y al vide baton sou sakpay la, sitou si vide baton sou sakpay la pa gen ris resevwa ni kout pye ni kout dan.

Men kanmenm, Lapolis Nasyonal d Ayiti se pou popilasyon an li ye. Yon Lapolis ki byen antrene, byen ekipe, byen motive, byen disipline e sitou byen kòmande pa ta kapab pa pote rezilta tout moun ka wè nan konba kont ensekirite a nan benefis tout peyi a ki bezwen viv nan lapè.

Sou sa ki pase apre antèman polisye a, Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti a (SPNH-17) pibliye yon mesaj sou X kote li deklare :

«SPNH-17 mande pou PNH_officiel gen yon oditoryòm pou chante antèman polisye yo ak yon simetyè pou antere yo. Tire plizyè santèn katouch nan lakou legliz pa montre pwofesyonalis nou. Katouch sa yo ta dwe sèvi nan lit kont gang yo. Ann reflechi sou konsekans aksyon nou.»

Nan yon kontèks kote Lapolis ap klewonnen Maryaj Polis Popilasyon, mande pou Lapolis gen pwòp oditoryòm pa li, pwòp simityè pa li pou polisye pa al grennen katouch nan lakou legliz, se ta pito mande yon poz nan maryaj ant Polis la ak popilasyon an si Lapolis ta chwazi gen pwòp zafè pa li apa pou li pa ta mele ak popilasyon sivil la. Epoutan Lapolis se nan vant popilasyon an li soti, yo de a se pwason kraze nan bouyon e yo kondane pou yo fonksyone ansanm. Epitou, pou legliz, gen anpil polisye ki gen gwo responsabilite nan anpil legliz, ki se manm anpil legliz. Polisye yo se moun tankou tout moun nan popilasyon an. Kijan separasyon sa a SPNH-17 ap mande a ta ka rive posib ?

Kesyon ki enteresan pou moun ki pa andedan Lapolis la, ki pa konn detay fonksyònman enstitisyon sa a ta dwe poze, se : Kijan sa fèt pou polisye al patisipe nan evènman tèlman solanèl tankou antèman yon frèdam yo ki tonbe, epi ki kòd konduit polisye asistan sa yo dwe respekte anba kòmandman chèf ki ta sipoze ap kòmande yo nan okazyon sa a ?

Nan plizyè peyi etranje, lè yon militè oswa yon polisye desede, genyen yon gad donè (yon ploton donè) ki al ba li onè li merite nan antèman an. Yo konn tire men se nan kad yon seremoni solanèl sou kòmandman yon chèf. Se pa janm tout militè osinon tout polisye ki tanmen yon konsè bal jan lide yo di yo (SPNH-17 pale de plizyè santèn katouch).

Moun ki gen eksperyans nan mouvman jenès tankou eskout, batayon, yo konnen sa sa vle di mache sou lòd otorite ki sou tèt yo. Si pa egzanp yo prale nan yon joune nan plaj, yo konnen yo pa ka annik desanm bis la epi y al plonje nan lanmè a san yo pa tann direksyon chèf yo. E pou Lapolis ki se yon kò ame legal ki anba kòmandman chèf ki plase sou tèt li ?

Menm nan lekòl, nan lakou rekreyasyon nan lise, yon elèv konnen li pa kapab gen nenpòt konpòtman paske sansè lise a, siveyan jeneral la kapab pa lwen.

Kounye a, nan kad yon antèman yon polisye, èske se tout polisye ki vle ki pran zam yo yo ale osinon se yon bagay ki òganize daprè disiplin ak iyerachi Lapolis la ? Èske tout polisye ki te la yo te gen menm grad osinon te gen yon chèf ki t ap kòmande yo ? Èske se yon chèf ki bay lòd tire osinon se youn ki kòmanse epi tout lòt yo suiv li san yo pa konnen kijan chèf yo ap reyaji ?

Antouka, li difisil pou yon moun pa ta konprann fristrasyon polisye yo nan yon sikonstans tèrib konsa, devan sèkèy frèdam yo ki tonbe nan batay an gason vanyan, youn nan gason ki sanble te pi vanyan nan mitan yo ki te kapab yon sewòm pou motive yo nan konba a. Menm jan tou li difisil pou yon moun pa ta konprann fristrasyon ak soufrans popilasyon an ki lage nan lari paske Leta pa rive pwoteje li kòmsadwa atravè enstitisyon ki la pou sa yo. Men kanmenm, Lapolis la ki se yon kò ame legal ki anba kòmandman gwo chèf ki plase sou tèt li ta dwe toujou rete disipline, pou li pa pèdi kontwòl li nan nenpòt sikonstans pou li kapab pi efikas nan konba l ap mennen kont gang ame yo.

Onè pou polisye Inite Elit SWAT Jeff Petit-Dieu ki tonbe ak onè nan konba nan sèvis peyi li ! Li fè pi gran sakrifis la pou kominote li. Jan SPNH-17 di a, katouch ki pou ta kontinye konba li a pa ta dwe ap tire anlè !

Description de l'image