Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) resevwa divès materyèl nan men Anbasad Ameriken an Ayiti nan kad yon seremoni ki dewoule nan Direksyon Jeneral PNH la, nan Klèsin, Taba, lendi 10 fevriye 2025 la.
Nan okazyon sa a divès pèsonalite te prezan, tankou Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire, Anbasadè ameriken an Ayiti a, Mesye Dennis B. Hankins, Direktè Jeneral PNH la, Mesye Rameau Normil ki te akonpaye ak Direktè Kabinè li, Enspektè Jeneral Smith PEYO, Direktè Santral Admimidtrasyon ak Sèvis Jeneral (DCASG), Mesye Philippe Jovin.
Materyèl sa yo bay nan kad koperasyon ki genyen ant Anbasad Ameriken ak PNH, atravè Biwo Entènasyonal Nakotik ak Zafè Respè Lalwa.
Pami materyèl sa yo, genyen 9 machin, divès kamyon ak Bouldozè, 600 fizi. Yo vini ranfòse kapasite PNH la nan batay k ap mennen pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a ak lit kont krim transnasyonal yo.
