Lapolis Nasyonal d Ayiti gen yon nouvo Pòtpawòl

Jodi vandredi 5 jiyè 2024 la, sou lòd Mesye Rameau Normil ki se Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Enspektè Jeneral Péyo Smith enstale Komisè Divizyonè Michel Ange Louis Jeune kòm nouvo Pòtpawòl Lapolis la.

Komisè Divizyonè Louis Jeune vin ranplase nan pòs sa a Komisè Garry Desrosiers ki li menm transfere nan Direksyon Planifikasyon Estratejik  ak Devlopman.

Komisè Divizyonè Louis Jeune te deja okipe fonksyon Pòtpawòl Lapolis la deja nan moman Rameau Normil te Direktè Jeneral a.i. Lapolis la yon premye fwa an 2018.

Lapolis la fè konnen chanjman sa a rantre nan kad chanjman chèn kòmandan nouvo Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil.

Description de l'image