Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li fè bon bèk sou gang teworis yo

Nan yon kominike pou laprès nan dat 29 oktòb 2025, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li menm ak sa yo rele Fòs Sipresyon Gang nan fè plizyè bon bèk sou gang teworis yo nan plizyè rejyon.

Kominike a fè konnen yo te mennen operasyon mache sou yo rapid ki bay bon jan rezilta.

Yo presize nan Latibonit, espesyalman nan Dezam ak Lyankou, poteboure fòs lòd yo te rive pèmèt yo mete plizyè bandi nan wòl yo, sezi plizyè zam lagè epi libere kominote yo.

Menm jan an tou, toujou daprè kominike a, nan depatman Sant, espesyalman nan Laskawobas yo te ranfòse patwouy yo, sa ki te pèmèt yo netralize epi reprann kontwòl zòn estratejik yo.

Nan Pòtoprens menm, yo fè konnen yo te sekirize sant vil la gras ak operasyon presizyon kont santinèl ak blokè yo, sa ki te pèmèt aktivite ekonomik yo reprann epi Konsèy Minis te rive fèt nan palè nasyonal. Yo fè konnen jodi a perimèt sekirite a rive jous nan Boulva Jan Jak Desalin.

Description de l'image
Kite yon kòmantè