Lapolis Nasyonal d Ayiti arete yon polisye pou koneksyon li ak gang ame

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante yon polisye li arete depi nan dat 26 novanm 2024 pou koneksyon li ak manm kowalisyon gang ame k ap simen latwoublay nan kapital la.

Polisye sa a se Maxime Jean Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete nan kad yon sennay. Li soti nan 20èm pwomosyon PNH la epi li se papa 4 pitit.

Anketè DCPJ yo jwenn li nan konsimanda ak plizyè chèf gang, espesyalman yo jwenn nan telefòn li li pale ak yon chèf gang sou Bèlè nenpòt 30 fwa.

Polisye Maxime Jean fè anketè DCPJ yo konnen li pa te konnen si zanmi li yo nan gang osinon si yo se chèf gang. Li esplike li pale ak yo antanke zanmi, zafè gang yo se vi prive yo, sa pa enterese li. Li t ap eseye esplike relasyon li ak mesye gang yo tou apati yon zafè moto li di li te pèdi. Men esplikasyon li yo pa klè pou anketè DCPJ yo.

Description de l'image