Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Nò (DDN), arete Pierre Moïse ki fè tèt li pase pou doktè nan Lopital Justinien nan Sant Vil Okap. Arestasyon sa a fèt jou mèkredi 15 janvye 2025 la.
Nan moman arestasyon li, Pierre Moïse ki te abiye an doktè te gen nan men li plizyè materyèl medikal. Nan telefòn li, Lapolis jwenn imaj kote dòk Pierre Moïse ap bay plizyè malad nan Lopital Justinien ak yon lòt Lopital nan Pòdepè swen.
Pierre Moïse fèt Pòtoprens nan lane 1992. Li deklare bay Lapolis li gen 2 zan depi li Okap. An plis, li fè konnen se yon kou sekouris li te suiv men li pa menm sonje non lekòl kote li te suiv kou sa a.

Dòk Pierre Moïse pa gentan trete tout moun nan Nò ak nan Nodwès paske pou kounye a li plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka li.
