Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete 8 moun epi kraze yon rezo vòlè machin nan komin Taba, patikilyèman nan zòn Klèsin 22.
Se nan kad yon operasyon Brigad Lit Kont Vòl Veyikil (BLVV) Lapolis rive arete 8 moun sa yo, pami yo yon fanm, nan dat madi 19 ak mèkredi 20 novanm 2024 la.

Komisè Gouvènman Kwadèboukè a, Me Carl Giovanni Aubourg, te prezan nan moman Lapolis t ap mennen operasyon sa a.
Nan videyo Lapolis pibliye nan okazyon sa a, nou kapab wè plizyè machin, pyès, motè ki lese nou konprann rezo sa demonte machin yo lè li vòlè yo.


