Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen, jodi mèkredi 8 janvye 2024 la, l ap rapousuiv ak entèvansyon li yo nan Sant Vil Pòtoprens.
Nan sans sa a, PNH la fè konnen Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI) ak Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) te mennen yon entèvansyon madi 7 janvye 2025, nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens la, sitou Nazon, bò estad Sylvio Cator ak bò Lopital Jeneral.
Nan kad entèvasyon sa a, fòs lòd retire pyèj ak barikad bandi te mete pou anpeche Lapolis fè penetrasyon nan zòn sa yo, daprè presizyon PNH la.

