Nan yon nòt ki pibliye madi 11 jen 2024 la ki pote siyati Direktè Jeneral a.i. a, Frantz Elbé, Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti anonse tout piblik la an jeneral epi polisye yo an patikilye fèt yo te prevwa fè 12 jen an pou selebre 29 lane depi lapolis la egziste a, yo anile li. Anilasyon sa a fèt akoz zak ansasinay trajik ki fèt sou 3 manm Lapolis Nasyonal d Ayiti a.
Direksyon Jeneral la fè konnen lapolis la ap pwofite fè jounen sa a tounen yon jounen rekèyman, meditasyon ak refleksyon sou tèm : Onore sakrifis ak devouman pou pi byen pwoteje.
Toujou selon nòt la, Wo Kòmandman an pral depoze yon jèb flè nan pye estèl la pou onore memwa Polisye ki disparèt yo.
Direksyon Jeneral Lapolis la fè konnen Direktè Santral yo, ak Direktè depatmantal yo, Kòmandan inite yo ak Chèf seksyon yo ap pran dispozisyon pou aktivite yo tradui sitiyasyon enstitisyon an ap travèse nan moman an, epi pou yo pa nan fè granpanpan.
