Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) atravè Direksyon Depatmantal Latibonit, patikilyèman Lapolis nan Senmak, kraze yon nwayo gang epi arete 2 bandi yo akize ki fè pati baz Gran Grif k ap opere nan Savyen nan Depatman Latibonit.
Jean-Robert Figaro ak Vincent Simpson se non bandi sa yo Lapolis arete a yo akize ki se manm baz Gran Grif la. Lapolis fè konnen li gen prèv yo pa ka konteste ki montre mesye sa yo te konn travay kòm toutè pou fasilite bandi yo fè zak kidnapin epi yo te konn jwe wòl negosyatè ant paran viktim yo ak chèf baz Gran Grif la.
Lapolis fè konnen mesye yo te an kontak dirèk ak baz Gran Grif Savyen an sou telefòn pòtab Jean Robert epi gen imaj ki montre klè relasyon yo ak chèf baz la. Daprè sa Lapolis presize, se gras ak vijilans popilasyon an ak ajan fòs lòd yo ki fè yo rive kraze nwayo ransèyman kriminèl sa a nan vil Senmak.
PNH la fè konnen li renouvle angajman li pou kontrekare zak bandi yo nan tout peyi a.

